Galri
Galri sa sèvi tankou yon espas egzibisyon vityèl pou imaj, objè, son ak espas ki atikile istwa fanm nan Revolisyon Ayisyèn nan (oswa jès pou istwa ki pa rakonte oswa pa dokimante) sou medam sa yo. Li mete ansanm objè istorik ak objè ki fabrike nan monn kontanporen an (visyèl ak ekspresif) nan yon efò pou montre fòs kontinyèl, sikilarite ak mobilite diasporik la nan istwa sou revolisyon an ak nan rasin istorik yo.





























![Coloured print of Sans Souci, the palace of Henry Christophe. From: Henri Christophe, King of Haiti. Copie de lettres [manuscript] 1805-6 [FCO Historical Collection FOL. F1924 HEN].](https://images.squarespace-cdn.com/content/v1/5dc48c2931eef72b776e6581/1599141476622-LYH2200BYS99BEZNCM5I/FCO+Historical+Collection+FOL+F1924+HEN+King%27s+College+London.jpg)





Imaj
Patricia Brintle se yon atist ayisyèn k ap viv kounye a nan Whitesone, NY. Penti sa k ap montre Katrin Flon--sipoze fiyèl Jan Jak Desalin nan ki te enfimyè ak koutiryè--fè pati de yon seri penti akrilik atis la. Seri penti Brintle la gen bi atikile istwa fanm revolisyonè ayisyèn yo. Soutit Brintle la di konsa:
Katrin Flon te yon koutiryè ak fiyèl Jan Jak Desalin, youn nan chèf Revolisyon Ayisyèn nan. Pandan Kongrè Akayè a (ki te fèt nan jounen 14 me rive 18 me 1803) nan vil Akayè a, Desalin ak Petyon--de chèf prensipal ann Ayiti nan epòk sa--te mete tèt yo ansanm sou de pwen esansyèl: etabli yon lame revolisyonè ki ta pral travay sou otorite siprèm Desalin nan avèk adopsyon yon drapo pou lame sa. Nan dènye jou Kongrè a, nan jounen 18 me 1803, Desalin retire mòso blan nan drapo franse a epi li bay Katrin Flon pati ble ak wouj yo pou li te ka koud li yo nan sans orizontal la. Se konsa drapo ayisyen an te fèt. Yon fwa ke li te koud, chèf Revolisyon Ayisyèn nan jire solènman pou yo goumen pou libète oswa lanmò sou tèt drapo a. Sèman sa pote esklav yo viktwa ak libète. Sèman sa rele Sèman Zanzèt yo. Depi jou sa, jounen 18 me a vin tounen fèt drapo ayisyen an. Se yon gwo fèt nasyonal avèk yon okasyon pou fè parad, defile ak konkou de bote. Ayisyen yo sonje Katrin Flon tankou youn nan pi gwo eroyn revolisyon ak endepandans ayisyèn nan. Nan travay a sa, atis la montre moman lè, yon lane apre kreyasyon drapo a, Petyon te chèche Katrin pou li te ka koud zam repiblik la sou drapo dekoulè a.
Penti sa ki sòti nan seri Patricia Brintle sou fanm revolisyonè ayisyèn yo montre Mari Jàn Lamatinyè (anpil moun panse ke li te konpay Lwi Dò Lamatinyè). Anpil ayisyen gen tandans sonje Mari Jàn Lamatinyè tankou yon fanm ki te goumen nan mitan lame a nan moman konklisif batay revolisyonè a nan Crête-à-Pierrot nan mas 1802. Soutit Brintle la li konsa:
Mari Jàn Lamatinyè se youn nan eroyn Revolisyon Ayisyèn nan. Nou pa gen anpil enfòmasyon sou li esepte ke li te goumen avèk raj nan batay Crête-à-Pierrot a bò kote mari li, kòmandan brigad Lwi Dò Lamatinyè. Yo te konn wè li bò fòtifikasyon yo, karabin nan men li ak sab sou kote li, ap distribye aminisyon avèk limyè kanon ap ankouraje sòlda yo pou yo te kontinye goumen. Franse yo te sène yo de tou pa nan fò a. Li te sanble ke lame revolisyonè ayisyèn nan ta pral pèdi lè Desalin mande pou yo evakye fò a brit sou kouman. Nan menm nuit sa, nan 24 mas 1802, prèske tout moun te rive chape pandan ke rebèl ki te sène yo te goumen kont plis pase 10.000 troup franse. Retrè sa te yon fèt remakab. Li mete non Lamartinière nan nan mitan ero endepandans ayisyèn nan. Nou pa konnen egzakteman ki sa Mari Jàn fè ak lavi li apre retrè Crête-à-Pierrot a men se bravou, kouray ak efwontri entrepid li ki fè ke nou paka pa sonje li.
Penti sa ki premye nan seri fanm revolisyonè a pa Brintle montre Dede Bazil, anpil moun te konn rele li ‘Défilée la folle’. Dapre naratif istorik la, Bazil te sèvi tankou yon kantinyè epi li te chèf yon pati lame revolisyonè Desalin nan. Anpil moun panse ke tinon li sòti nan chan batay li “Défilez, défilez!” (Mache, mache!). Apre yo te pieje ak asasinen Desalin nan Pon Wouj lan an 1806, anpil moun di ke Bazil te rekipere kò demanbre jeneral la epi li te pote li rive nan dènye kote li te ka repoze a. Imaj sa, nan yon fason evokatris, rakonte istwa sa sou doulè ak mete tout ansanm. Soutit Brintle la li konsa:
Nou pa konnen pou kisa yo te bay Defile tinon La Folle (moun fou). An reyalite, nou pa gen anpil enfòmasyon sou Defile, men zak li yo te yon enkanasyon Travay Kòporal Mèsi yo. Li te fèt bò zòn okap, paran li yo te esklav epi li te travay tankou yon ti machann. Yo di ke li te si tèlman admire Jan Jak Desalin ke li te konn suiv troup li yo tout kote yo te konn pase. Se admirasyon konstan sa ki te mete Defile nan proksimite Desalin nan jounen 17 oktòb 1806 lè yo te pieje li (sipozeman pa Petyon ak Kristòf) epi asesine li nan Pon Wouj lan, jis nan nò Pòtoprens. Yo te jete kò demanbre Desalin nan lari a. Avèk asidite epi san yon mo, Defile te ramase rès ero li a nan yon sache an twal epi li te depoze li nan youn nan sèkèy nan simetyè Pòtoprens lan. Prezidan Petyon apre sa te voye de solda kache pou yo te ka antere Desalin san yon seremoni ofisyèl. Apre, Madam Igniac te fè yon sèkèy sou rès yo epi li te grave enskripsyon ki te di “Men ki kote Desalin ap repoze- Li te mouri lè li te genyen 48 lane”.
Sèn sou lavi Tousen Louvèti se yon seri penti akarèl sou papye ke Lubaina Himid OBE kreye nan lane 1987. Atis sa te genyen pri Turner la. Seri li a gen 15 penti, chak youn nan yo montre yon diptik sou de imaj k ap pale youn ak lòt. Seri a pran ensiprasyon li nan yon liv enpòtan ke C.L.R. James te ekri ki rele The Black Jacobins. Seri a selebre eroysm jeneral revolisyonè a, Tousen Louvèti. Sepandan, li fòse nou tou pou nou gade istwa fanm rebèl yo ki pa eksplore, rekoni oswa dokimante pou nou ka wè tout fason medam sa yo te kontribye nan saga revolisyon an. Nan liv ke li ekri an kolaborasyon avèk yon lòt moun, Inside the Invisible: Memorialising Slavery and Freedom in the Life and Works of Lubaina Himid, Himid fè komantè sila sou seri yo: “Mwen te vle ke ti moun yo konnen epizòd ekstraòdinè sa nan politik diaspora nwa a. Mwen te penn seri a nan yon fason pou li te ka rele atansyon editè yo. Nan yon sans, seri a sanble yon roman grafik ki gen yon tèks minim epi ke nou ka li nan yon sans lineè. Mwen te fè penti yo avèk yon akarèl swa ak dou pou mwen te ka voye yon enfòmasyon amikal ak aksesib sou lavi de toulèjou nan egzistans eksepsyonèl nonm sa.
Nan diptik sa, dezyèm imaj nan seri yo, nou wè Tousen k ap repoze zo do li. Li kouche sou yon matla, rad li deboutenen epi akoutreman estrateji lagè a gaye nan espas kote li ye a. Soutit imaj yo li konsa ‘Yon ti kabicha nan apremidi/ kiyès ki te kwit manje midi a?’ ak ‘kiyès ki pral fè lesiv la?’ Lè l ap poze kesyon sa yo, Himid non sèlman aksantye absans fanm nan gwo naratif istorik yo, ki byen souvan pa dokimante prezans medam yo pou yo ka pale sou eroysm militè mesye yo, men li montre tou enpòtans travay domestik ak emosyonèl ki te fè an grann pati pa medam yo andedan lakay yo ak sou chemen lagè a.
Nan diptik sa, katryèm nan nan seri Lubaina Himid, Sèn sou lavi Tousen Louvèti, Himid jwe sou tèm fijitivite ak mawonaj.
Nan premye imaj la, nou wè yon fanm nan yon mouvman jwaye ak ritme tankou nan yon goumen, manm li yo etire epi yo depase paramèt kad la. Se tankou fanm sa t ap danse sou son tanbou banboula a ki pwojete yon imaj ki depase kad la, ki ta ka fè nou panse ak yon sinekdòk. Soutit la li konsa ‘Moun yo t ap danse, te gen tanbou’.
Dezyèm imaj nan diptik la montre yon teren ak anpil montay k ap kache yon pakèt kominote nèg ak negès mawon nan Sen Domeng anvan revolisyon an. Nou ka wè siy kominote a ak estrateji kominikasyon nan dife yo k ap sòti anlè mòn yo. Soutit la li konsa: ‘Te gen siy alawonbadè, nan tout plantasyon peyi a’.
Senkyèm diptik Himid la nan seri li Sèn sou lavi Tousen Louvèti montre Tousen alèz nan lakou lakay plantasyon li ak madanm li, Sizàn.
Nan premye imaj mouche ak madanm nan, nou wè Sizàn ki mete yon wòb oranj ak yon foula mare nan tèt li. Li chita anfas Tousen bò tab la. Gen yon kat ki gaye sou tab la epi nou ka wè anpil grenn kafe sanble nan yon kwen kat la. Sipozeman grenn kafe yo te reprezante esklav yo. Soutit la li konsa: ‘Madan Tousen te viv nan yon plantasyon andeyò epi li te devue tèt li pou li te ka kiltive kafe. Depi Tousen te ka kite sa l t ap fè a, li te vin la’.
Dezyèm imaj la montre yon grenn men louvri k ap pote yon grenn kafe. Li ensinye posibilite yon kolaborasyon ak lòt ‘men’ yo ki te kontribye nan estrateji revolisyonè a. Men la, imaj la ap pale espesifikman sou kontribisyon estratejik Sizàn yo. Soutit la li konsa: ‘Èske li te ede li nan estrateji a?’
Diptik sa, kenzyèm nan nan seri Himid la, Sèn sou lavi Tousen Louvèti, eksplore defi madam ak manman militè yo te konbat poutèt presyon jeneral ki vini ak lavi militè a nan nòmalite domestik la. Se premye fwa ke Himid prezante nou Isak ak Plasid, de jènjan Tousen yo.
Soutit premye imaj la li konsa: ‘Pwòp pitit gason li, Isak, te deklare li pou Lafrans/ men Tousen fè li rete’. Soutit dezyèm imaj la li konsa: ‘Plasid, pitit gason madan Tousen pwomèt pou li goumen pou Libète epi yo te bay li komand yon batayon’. Diptik la inik, poutan, paske sou tèt soutit endividyèl chak imaj yo, yon lòt soutit ini de imaj yo pou li ka anplifye yon vwa ak yon otorite patènèl ke Himid pa idantifye. Li li konsa: ‘Lafrans oswa San Domingo, pitit mwen yo fè chwa nou/ nenpòt sa nou chwazi mwen pral toujou renmen nou’. Malgre mansyon ‘pwòp pitit gason li’ nan soutit premye imaj la te ka fè nou panse ke ‘vwa’ sa se te vwa Tousen, prezans Sizàn la nan menm imaj la anpeche nou fè yon korelasyon senplistik konsa.
Kimathi Donkor se yon atis kontanporen ganeyen ak jamayken ki gen yon eritaj anglo-juif. Atis la ap viv a Lond. Anpil objè travay li yo rekonstwi sèn istorik sou eroysm Atlantik Nwa a pou yo ka anplifye istwa ki pa vizib oswa pa enkli nan istwa kolonyalis blan yo. Anpil nan travay li yo ap mete aksè sou pèsonaj nan saga revolisyon ayisyèn nan. Imaj sa gen pou pwotagonis Chal ak Sanit Belè. Nou wè yo k ap damou anwo yon falèz ki nan mitan yon zile ak lanmè a. Taba, koton, sik ak endigo--rekolt ki te pote kòb nan esklavaj kolonial la--ap antoure yo. Imaj sa kaptire yon moman trankilite ak solitid ki te difisil pou yo te ka jwenn nan epòk sa. Nou wè yon imaj de Sanit ki diferan de karaktè k istoryen tankou Madyou te ekri sou li. Madyou te dekri li tankou yon ‘brigande’ epi li te imajine li tankou yon moun ki te trè vyolan avèk tout antouraj li. Malgre ke yo gen tandans montre li nan rad militè li yo, nan imaj sa Sanit mete yon rad long ble avèk yon foula nan menm ble a, k ap montre feminite li. Nou wè li k ap bay mari li yon bèl ti bo, manm yo youn sou lòt epi men yo fè youn pandan ke y ap kenbe yon mouskè, se kòm si yo te ka atake yo nenpòt ki lè. Nan fason ke li montre Sanit, Donkor imanize li epi li fè fanm sa ki imòtalize nan istwa piblik la tankou yon ‘tigrès’ vin tounen yon fanm ki gen feblès.
Richard Barbot fèt Pòtoprens nan lane 1961. L ap viv kounye a Monreyal. Se yon atis ki fè desen ke Bank Repiblik D’Ayiti a te mande li fè yon pwatrin Sanit Belè sou biyè 10 goud la nan lokazyon selebrasyon de san zan endepandans peyi a (nou ka wè li anba). Sanit rete yon pèsonaj enteresan pou Barbot. Nou ka wè sa nan travay resan atis la ki montre Sanit ki abiye tankou yon militè avèk epolèt ak chapo bikòn li yo. Barbot dekri Sanit tankou ‘youn nan eroyn pi senbolik nan endepandans Ayiti a. Nan vizaj trayzon ak lanmò, Sanit te montre yon bravou ak fòs ki te san parèy.’ Fontèn ride li transmèt yon istwa presyon ak konfli. Li fè nou sonje ke, tankou anpil fanm ki te kontribye nan saga revolisyonè a, Sanit te fè anpil sakrifis. Lè li t ap pale sou motivasyon li pou li te ka penn imaj sa, Barbot obsève ke ‘Istwa gen tandas efase tras medam ki te jwe yon wòl enpòtan nan pase nou. Mwen panse ke li enpòtan pou nou reprezante yo pou nou ka konsève yo nan memwa nou.’
Dam Cheruxi te yon dam donè nan konpani Mari Lwiz Kristòf nan epòk Wayom D’Ayiti a (1811-1820). Anpil moun di ke li te sipoze fiyèl Mari Lwiz tou. Lakou a te bay li tinon ‘Cœur enflammé.’ Dam Cheruxi te fèt nan lane 1803. Manman li te yon fanm de koulè ki te rele Mari Ogistin Langlwa epi papa li te yon franse ki te rele Richeux de la Roche (Cheruxi se yon anagram Richeux) ki te kite Sen Domeng pandan yon ti moman nan epòk sa ki t ap dwe nan ajitasyon revolisyonè a . Nan menm epòk kote li te fèt la, yo te entèdi maryaj ant moun ki pat gen menm koulè. Men Richeux te kite yon dokiman nan menm notè li a kote li te rekonèt patènite li a. Li tounen ann Ayiti nan lane 1806 men mouri yon ti tan apre paske li te vin pran Tetanis.
Pitit ak pitit pitit Dam Cheruxi yo konsève yon pakèt bagay ki te sòti nan koleksyon pèsonèl li a. Nan objè sa yo, nou ka wè (sou tèt penti a) pens cheve, bijou ak yon wob ke yo fè kado Mize Pantenon Nasyonal Ayisyen (MUPANAH) an nan lane 2015. Nou wè Cheruxi nan yon imaj ki difisil pou jwenn nan diznevyèm syèk la. Imaj sa te fèt pa yon atis ke nou pa konnen. Cheruxi pote yon pijama, manch li yo repliye, senti a pi etwat epi dekolte li a fè nou sonje pijama a ki nan koleksyon MUPANAH a. Nan kwen pijama a, nou wè bretèl ki te gen franj. Cheruxi ap pote tou yon kolye ki fèt avèk pèl ak zanno an lò.
Objè
Tenb sa ki te pwodwi nan yon seri pou san senkantyèm anivèsè endepandans Ayiti a nan lane 1954, montre yon sèn ki sòti nan atak Crête-à-Pierrot a, yon batay desizif nan Revolisyon Ayisyèn nan. Imaj ke yo itilize nan seri yo selebre zak eroyk Mari Jàn yo, yon solda fi ke anpil moun di ki te marye ak Lwi Dò Lamatinyè, ke nou ka wè k ap kenbe li sou bò dwat li. Mari Jàn se yon pèsonaj enigmatik paske istoryen ayisyen yo mitifye istwa li a anpil. Poutèt sa, sikilazyon imaj li a nan tenb ak pyas yo nan moman enpòtan komemorasyon nasyonal la sèvi pou mete ankò andedan imaj nasyonal yo zak eroysm feminen ki pa byen dokimante, majinalize ak neglije. Nan imaj sa, Mari Jàn mete yon tinik long ak yon foula mare sou tèt li. Zam li yo kanpe bò kote li kòm si yo te fòme yon bouklye pou pwoteje li kont lame franse a. Nan men dwat li, l ap kenbe yon zepe epi li mete yon fizi nan do li. Reprezantasyon sa raple nou imaj ke nou jwenn nan penti Bellegarde la, kote li dekri Mari Jàn ak menm mo sa yo.
Tenb sa, ke yo te pase nan lane 1968, montre yon objè ki te fèt pa pent ayisyen an, Raoul Durproux. Li montre seremoni Vodou nan Bwa Kayiman an ki te fèt pa ougan Boukman ak manbo Sesil Fatiman ann out 1791. Anpil moun kwè ke evènman sa deklanche rebelyon esklav yo ki komanse 23 out la epi ki lakoz yon pakèt lòt rebelyon ki fèt nan nò teritwa Sen Domeng lan apre sa. Menm jan ak seremoni a, anpil moun diskite sou istwa Sesil Fatiman an. Kèk resi di konsa ke li te sè Mari Lwiz Kristòf (konbine istwa li a, li sanble, ak sa Jenvyèv Koidavid Pierrot). Nan imaj Duproux a, Fatiman mete yon wob blan (koulè blan an gen yon enpòtans espesyal nan relijyon Vodou a) avèk yon foula wouj mare nan tèt li.
Tenb sa, ke yo te pase nan lane 1991 nan lokazyon selebrasyon de san zan revolt esklav yo ki te make komansman Revolisyon Ayisyèn nan, montre yon lòt imaj seremoni Bwa Kayiman an. Imaj sa raple nou anpil resi popilè ki di konsa ke seremoni a te make avèk yon sakrifis yon kochon kreyòl. Nou wè Sesil Fatiman nan sant imaj la, li kanpe bò kote Boukman ki mete li ajenou nan yon tinik blan ak yon foula, avèk kochon ke yo te sakrifye a devan pye li.
Pyas 1 goud sa sòti nan koleksyon Joseph Guerdy Lissade. Wayom D’Ayiti a te frape li nan lane 1820. Pyas la inik nan sans ke, nan do li, yo te grave non sèlman inisyal Anri yo (H), men pa Mari Lwiz (ML) Kristòf yo tou (M ak L la mele). Mari Lwiz te sèl fanm ki te viv pase revolisyon an ke yo rekonèt nan pyas ayisyèn ofisyèl yo nan debi epòk Wayom nan. Li rete youn nan yon anpil medam ke istwa ayisyèn nan idantifye epi rekonèt nan pyas ke leta a frape. Pyas la gen yon motif, yon feniks k ap sòti nan dife ki nan mitan yon wonn ki pote mo sila--EX CINERABUS NASCITUR (y ap toujou kontinye pale de mwen menm lè mwen mouri), ke nou konn wè nan eleman rad zam Kristòf yo. Senbòl yon kouwòn anlè motif sentral ak de inisyal yo. Wonn andeyò imaj sa gen sigl sa ‘DEUS CAUSA ATQUE GLADIUS MEUS’ (Bondye, lakoz ak epe mwen). Lòt fas pyas la montre nou pwatrin Anri pandan ke yo t ap mete yon kouwòn lorye sou inifòm militè li a. Inifòm nan te kouvri ak yon mouslin an swa nan stil klasik avèk sigl sa ‘HENRICUS DEI GRATIA HAITI REX’ (Anri wa d’Ayiti nan lagras Bondye). Si w vle plis enfòmasyon, vizite Joseph Guerdy Lissade, Henricus Dei Gracia Haiti Rex: Monnaies et Médailles de l’Etat d’Hayti, 1807-1811 et du Royaume d’Hayti, 1811-1820 (Grissom Company, 2007), pp. 20, 71.
Yo te frape pyas selebrasyon 100 good sa sou rejim François ‘Papa Doc’ Duvalier. Pwatrin ak non Mari Jàn Lamatinyè grave nan do pyas la. Menm jan ak nan tenb selebrasyon 1954 la, nou wè Mari Jàn k ap kenbe yon sab oswa machèt nan men li epi li gen yon foula mare sou tèt li, cheve li yo ap sòti nan koutpenn li an defi (yon fwa anko, sonje vizyon Bellegarde la ki te dekri ‘bonè’ Mari Jàn nan tankou yon bagay ki te anprizone bèl kantite cheve li yo, kote yon pati nan cheve a te gaye’). Lòt fas pyas la montre eleman rad zam ayisyen an ak yon drapo kote yo te grave sigl ‘L’UNION FAIT LA FORCE’ (Men anpil chay pa lou). Andeyò imaj sa yo grave mo ‘LIBERTÉ, ÉGALITÉ FRATERNITÉ.
Yo te frape biyè selebrasyon 10 goud sa nan lane 2004 pou make de san zan endepandans ayisyèn nan, ke Jan Jak Desalin te pwoklame jounen 1 janvye 1804. Li montre yon rekonseptyalizasyon atistik Sizan ‘Sanit’ Belè ke atis ayisyen Richard Barbot te fèt. Toma Madiou te dekri Sanit tankou sèlman ‘madanm’ jeneral Chal Belè. Poutan, Sanit te patisipe nan anpil goumen bò kote mari li nan konfli revolisyonè ayisyen an. Istoryen ayisyen yo gen tandans pa renmen padone fanm sa paske yo renmen anfatize ‘babari’ ke Sanit te komèt ak men li yo, malgre li menm ak mari li te kite Desalin avèk lòt konpatryòt revolisyonè yo lè yo t ap goumen nan bò drapo franse a. Sanit, Chal avèk yon pwayen renegad te fè yon rebelyon ki pat gen siksè epi ki te lakoz yo te vinn kaptire Sanit an apre. Dapre Madiou, Belè pat kapab reziste ke yo te separe li de Sanit. Kidonk, li bay tèt li nan fòs kolonyal franse yo. Franse yo pat padone prizyonye yo epi yo kondane yo a lanmò nan jounen 5 oktòb 1802 (yo te mete Belè nan yon masife poutèt li te yon jeneral brigad epi yo te koupe tèt Sanit). Madiou rakonte ke Sanit te mande pou yo te touye li menm jan ak mari li. Li refize ke franse yo te mare je li yo pou li te ka tande priyè mari li a epi mouri bravman.
Yo te fè kado wob sa bay MUNAPAH nan lane 2015. Li te sòti nan koleksyon Maryse Von Lignau, malgre mèt li te Dam Cheruxi, yon dam donè nan lakou wayal Kristòf la. Madanm k ap ranje rad, Ségolène Bonnet, te pran tann li pou li te ka koud wob sa lè li te Pari. Yo dekri wob sa tankou yon wob long blan an koton ak mouslin. Yon zip an metal kenbe wob la nan do li epi yon fanon bay kosaj la yon ti fòs. Wob la gen yon gran woulèt ak yon bwodri an flè byen fen ki fòme yon kouwòn flè nan jip la. Yon pyès konsa te probableman fèt ann Ewop, yon siyal klè richès ak estati. Malgre genyen anpil siy ke pijama an koton te popilè nan Lafrans Atlantik lan (nan metwopol ak koloni yo) ki komanse nan fen dizuityèm syèk lan (li menm genyen manch replye yo ke Marie-Antoinette te fè vini yon bagay ke nou pral toujou sonje) epi yo te dekri li inisyèlman tankou yon ‘wob ke yo te konn mete souvan nan Anpir lan’, senti pi ba a montre ke wob sa te pwobableman fèt nan yon lòt epòk, dapre Bonnet (nan zòn 1830).
Objè materyèl sa yo bay nou yon lide rich ak pèsonalize sou lavi fanm sa you, ke achivis kolonyal yo gen tandans kache epi bloke. Yo montre estrateji ke fanm sa yo te itilize pou defann tèt yo nan epòk esklavaj la epi nan tan ki vini apre li.
Rèn Mari Lwiz Kristòf (non jèn fi li se te Coidavid) te sèl fanm nan lakou Anri Kristòf ke yo te onore ak pwòp eleman rad zam li yo. Yon milatrès nan elit la, Mari Lwiz kite plis tras ioublyab pase anpil lòt fanm san non ki te kontribye anpil nan fondasyon revolisyonè Ayiti a men ki malerezman pa parèt nan achiv yo epi ki majinalize nan istwa ekri a. Sòti nan dife revolisyon antikolonyal la, Ayiti vin tounen premye repiblik nwa nan lane 1804 epi premye peyi nan lemonn ki koupe fache nèt, definitivman epi tou patou, avèk esklavaj la. Pou de twa moun, Wayom D’Ayiti Kristòf la (etabli nan lane 1811) reprezante yon trayzon valè revolisyonè ak fondasyon radikal yo. Sepandan, nan kontèks monn ostil sa, kote blan yo panse ke yo se yon pakèt afè nan kolonyalis Nò Atlantik lan, Wayom D’Ayiti a te montre ke Nwa yo te kapab menm jan avèk blan yo.
Depi ou te konnen zam wa yo, ou te ka wè k pa rèn yo te menm bagay. Toulède montre yon feniks k ap sòti nan dife kont yon teren ble ki antoure pa yon pakèt abèy avèk yon drapo ki pote sigl Wayom nan ‘JE RENAIS DE MES CENDRES’ (Y ap kontinye pale de mwen menm lè mwen mouri). De lyon kouwone ap kenbe teren an ki nan mitan yon wonn kouwòn woz (nan plas yon chèn ak kolye wayal ak militè Lòd Sen Anri an ki montre zam wa yo). Yo poze sou yon drapo ki montre sigl rèn nan ‘DIEU PROTÈGE LE ROI’ (Bondye sove wa a). Si w bezwen plis enfòmasyon sou senbolism bagay sa ki fè nou toujou pale de li, zam sa yo ak lòt tankou yo, vizite maniskri College of Arms nan ki rele The Armorial of Haiti: Symbols of Nobility in the Reign of Henry Christophe.
Son yo

De nos jeunes Princesses
L’esprit, les heureux dons
Répandent leur ivresse
Sur notre nation.
Tout nous dit que les grâces
Ont changé de séjour,
On le voit à leurs traces
Ornements de la Cour.
Refleksyon Henry Stoll
“Sou jèn prensès nou yo” se sizyèm mizik Antre Wa a, nan kapital li (1818), yon pyès opera komik ekri pa Jis Chanlat, sekretè Anri Kristòf la. Nan opera a, Sofi Awo entèprete wòl La Limonadière. Pandan ke l ap chèche nan pòch li yo, li dekouvri ke li te pèdi mizik ke li ta pral chante. Damis, yon pèsonaj nan opera a ke Chanlat entèprete, tou profite sityasyon sa pou bay La Limonadière mizik “Sou jèn prensès nou yo,” epi li di li konsa “Mwen ta byen kontan si merit travay sa te ka egal ak zèl ke mwen te itilize lè mwen t ap konpoze mizik sa.” Poutèt li te gen tan konn melodi--“A! A! Se menm melodi ak Jenerez Lizèt”--La Limonadière tou pwofite chante epi fè lwanj jèn prensès yo, Améthyste ak Athénaïre.
Fasil pou chante, avèk yon ritm nostaljik, melodi a sòti nan woman “Ô ma tendre Musette.” Pierre-Alexandre Mosigny fè mizik la epi Jean-François de la Harpe ekri pawòl yo. Nan Antre Wa a, nan kapital li, yo idantifye melodi a sou non “Jenerez Lizèt,” ki fè yon referans ak parodi ke Louis Jule Mancini Mazarini te fè ki rele the Duke of Nevers.

Dans le cœur de Marie
Les aimables vertus
Ont fixé leur patrie,
Leurs nobles attributs.
Idoles de ces beaux climats
Les bienfaits naissent sur ses pas;
Par sa présence
La bienfaisance
Sait acquérir un nouveau prix:
Célébrer cet objet chéri,
N’est-ce pas célébrer Henry? (bis.)
Auguste et tendre mère
De son sexe ornement,
Du trône ange prospère
D’Henry soutien charmant ;
Elle ajoute à ses verts lauriers
L’éclat des tendres oliviers ;
Illustre vigne!
Son jet insigne
Pousse des rejetons fleuris:
Célébrer cet objet chéri,
N’est-ce pas célébrer Henry? (bis.)
Refleksyon Henry Stoll
“Andan kè Mari a” se senkyèm mizik Antre Wa a, nan kapital li (1818), yon pyès opera komik ekri pa Jis Chanlat, yon ayisyen ki te ekri poèm, trete, mizik, teyat ak opera pou Wayom D’Ayiti a. Nan twazyèm sèn opera a, Damis, yon pèsonaj ke Chanlat te entèprete, sòti yon mizik nan potfolio li, i li montre li bay L’Hotesse epi li tou di li “mwen espere ke ou pral renmen li!” Lè l ap di li mèsi, L’Hotesse, yon pèsonaj ke Mandan David entèprete, komanse chante mizik la. Yon konpliman pou Rèn D’Ayiti a, Mari Lwiz, mizik la lwe “bèl kalite” ak “atitid nòb,” li yo lè li di konsa ke “selebre yon bagay ke ou renmen anpil se kòm si w ap selebre Anri.”
Melodi a sòti nan “In diesen heil’gen Hallen,” yon pyès opera ki rele Die Zauberflöte ke Wolfgang Amadeus Mozart te konpoze nan lane 1791 pou bas yo. Sepandan, lé Chanlat ap fè referans sou melodi sa, li rele li “Dans ce séjour tranquille” ki sòti nan Les mystères d’Isis, yon adaptasyon franse Die Zauberflöte ke konpozitè boyemen Ludwig Wenzel Lachnith te fèt nan lane 1801. Se te nan dènye fòm adaptasyon sa ke Lafrans te vin aprann opera final Mozart la. Se te vèsyon sa ke Chanlat te konnen. Poutan, yo pat konnen mizik Mozart la nan peyi a. Nan plas li, ayisyen yo te konn tande konpozitè franse André Grétry, Nicolas Dalayrac ak Pierre-Alexandre Monsigny.

Quoi la trompette a résonné! …
Debout, magnanimes guerrières!
L’heure des combats a sonné …
Allons, volons à nos bannières: (bis.)
Voyez-vous flotter le signal?
Il part d’une Reine intrépide;
Déjà le cri d’un autre Alcide
Est jeté par le Général.
Aux armes ! braves Corps!
Aux accents de Marie
Combattons (bis.) pour le Trône,
Et vengeons la Patrie. (bis.)
Vive Marie et vive Henry
Restaurateurs du Nouveau Monde!
Vive le Général chéri
Sur lequel notre espoir se fonde! (bis.)
Vive le jeune Colonel
Qu’ont adopté les Amazones!
Que l’univers encense et prône
Son nom, son courage immortel!
Aux armes ! braves Corps!
Aux accents de Marie
Combattons (bis.) pour le Trône,
Et vengeons la Patrie. (bis.)
Refleksyon Henry Stoll yo
“Twonpèt la sonnen!” se yon mizik ke Jis Chanlat te ekri. Chanlat te yon ayisyen ki te ekri poèm, trete, mizik, teyat ak opera pou Wayom D’Ayiti a. Nan mizik sa, Chanlat lwe lwanj pou Rèn Mari Lwiz ak gad Amazòn li yo, yon lame swasant fanm ki te gen misyon pwoteje Rèn nan ak Presensès li yo. Dapre yon konsil franse ann Ayiti, Amazòn yo te mete yon tinik ble saten, pantalon long, swa ble saten avèk jartèl an lò oswa an ajan anba jenou yo ak yon kask an lò ak an ajan ki te gen plim otrich sou li. Chak jou, de Amazòn te kanpe tankou de solda devan palè a. Yo te pote yon lans avèk yon flèch ak zak.
Melodi a sòti nan im nasyonal franse a, La Marseillaise, ke Claude Joseph Rouget de L’isle te ekri nan lane 1792. Tout manm lakou ayisyèn nan te konnen l. Yon chan laguè anime, refren Chanlat la di konsa: “Men zam yo! grav kò!/ Avèk vwa Mari yo/ Fòk nou batay (bis.) pou twòn nan/ Pou nou vanje patri a.” Tèks la kondane franse yo—‘tiran meprizab yo’, ‘ras enjis’ sa —epi li ankouraje Amazòn yo pou yo fini ak moun ki t ap oprese Ayiti yo. Mizik la fini avèk anpil bat bravo lè li di konsa “Viv Mari viv Anri/ Restavèk Nouvo Monn yo!”.
Melissa chante sèlman premye ak dènye vèsè yo nan anrejistreman sa ke ou ka jwenn pi wo.
Espas yo
Ofò sa, ki te fèt nan lane 1841, montre antre prensipal Playford Hall la, ke nou ka wè lè nou parèt sou lari a. Playford Hall te rezidans fanmi Clarkson nan nan Sufflock. Li vin tounen yon refij pou Mari Lwiz Kristòf ak pitit fi li yo apre yo te kite Ayiti pou yo te enstale kò yo ann Angletè nan lane 1821. Yo te rete nan pwopriyete sa pandan plizyè mwa. Yo te konn pase ivè yo avèk fanmi Clarkson nan, anvan yo t al viv nan yon kay nan Blackheath, Kent. Soutit la di konsa:
Playford Hall, Suffolk, rezidans Thomas Clarkson Esq. M.A. Youn nan premye ak pi gran defansè abolisyon trafik esklav la.
Chato sa te sièj Thomas Felton, Bar. (Kontwòlè lakay Rèn Anne nan;) ke sèl pitit fi ak erityè li, Elizabeth, te marye ak Jonh first Earl of Bristol nan lane 1695. Kounye a, chato a pwopriyete Maki Bristol la. Yo di ke li gen 4 kote ki antoure yon lakou avèk yon pon nan zòn lès la ak yon galri sou bò sid la:
Henry Davy desine epi pibliye li nan Globe Street, Ipswich jounen 26 me 1841.
Pa gen apil objè da ak gravi sou palè San Sousi a, rezidans wayal prensipal Anri ak Mari Lwiz Kristòf, ki rete epi ki montre strikti li a san okenn enpak anvan tranblemandtè ki te presipite destriksyon li nan lane 1842. Palè a sitye nan Milot, apeprè 8 kilomèt de fotrès Citadelle Laferrière (Sitadèl Anri) a. Yo te fin konstwi li ant 1811 ak 1813. Malgre anpil istoryen ayisyen vin wè San Sousi ak Sitadèl la tankou yon senbol kriyote ak tirani Kristòf yo (yo te fòse yon nonm endetèminab travayè pou yo te ka konstwi li), palè a sèvi tankou yon rapèl enpòtan de tout sa ke Kristòf te oblije fè pou li te ka kiltive yon espri refinman ak yon fyète souvren pou wayom nwa a ki te fèk fèt.
Sou rèy Kristòf la, Palè San Sousi a temwaye anpil fèt avèk selebrasyon piblik epi li te akeyi anpil moun enpòtan ki, ann apre, te sonje bote palè a nan memwa ak korespondans yo.Youn nan evènman ki te pi byen pibliye epi ki te fèt nan palè San Sousi a te ‘fèt rèn nan’. Baron Pompée Valentin Vastey, konseyè kominikasyon Kristòf la, rakonte nan ‘Relation de la fête de … la Reine’ li a ki jan yo te selebre fèt rèn Mari Lwiz la pandan 12 jou komanse jounen 14 out 1816. Malgre li difisil pou nou detèmine egzakteman ki enfliyans Mari Lwiz te genyen nan palè San Sousi a nan mòsi ki rete de palè sa, epi nan dokiman gaye ke yo te neglije ak deplase poutèt ajitasyon politik ki te fèt ann apre chit wayom nan, kèk resi ofri nou yon apèsi ki revele anpil pawòl sou sijè sa. Resi jouno ewopeyen yo, pa egzanp, revele nou ke Mari Lwiz te fè ‘gran acha … nan Bremen, ak lòt vil Hanseatic yo … pou ajantri, klere, pèl, etc.’ ke li te peye “ak kòb rapid, a gran pri.’ Resi konsa tou bay nou apèsi detaye sou wob lakou yo ke yo te voye fèt ann Ewop pou rèn ak prensès yo. Anplis enfliyans li sou objè materyèl yo ki te kontribye nan refinman palè San Sousi a, resi istorik yo revele ke Mari Lwiz te responsab yon lame solda fanm ki te rele ‘Amazòn’ ki te defile nan jounen festif yo.
Tiraj an koulè sa, ki te fèt nan lane 1822, montre palè San Sousi a de zan apre chit Wayom D’Ayiti a. Sou men goch palè San Sousi a, nou ka wè legliz Notre Dame de l’mmaculée Conception. Fanmi Anri Kristòf la te konn admire panorama sa anpil. Nou ka idantifye legliz la nan stil katedral italyèn li ke yo te ranje an plizyè okasyon nan sik lavi li. Malgre dega ke li andire nan dènye de san zan li yo, legliz la se youn nan relik ki pi byen konsève nan peryòd debi souvrèyte ayisyèn nan rive avril 2020 lè dife te pran nan legliz la epi katedral la te detwi konplètman.
Se te dènye rezidans anglèz Mari Lwiz Kristòf ak pitit fi li yo. Yo te rete nan kay sa rive septanm 1824, lè yo te vin pati pou ale ann Ewop, pou yo pat janm tounen ankò ann Angletè. Nou ka konfirme pasaj yo nan rezidans ri Weymouth la nan yon lèt ke Mari Lwiz te voye bay Catherine Clarkson yon ti tan anvan li te pati epi tou nan dènye testaman li a. Nou verifye lokalizasyon egsak adrès sa nan nimewo 30 (kounye a nimewo 49) nan yon anons piblisitè ke yo te pibliye nan jouno Lond yo pou vann pwopriyete lakay ‘Madan Kristòf’ epi tou nan liv pawas St. Marylebone yo ki te difisil pou nou jwenn nan tan 1824 lan.
Yo te bati kay sa ant 1789 ak 1790 nan yon pati devlopman Eta Portland nan. Poutan, kay stil jòjyen sa pa vreman chanje, malgre bonm ki te tonbe sou li nan epòk Biltz lan.
Mari Lwiz Kristòf, ansanm avèk pitit fi li yo, Améthisse ak Athénaïre, te rete nan kay sa pandan omwen anpil semèn nan mwa oktòb 1822. Kay sa parèt nan lis gid Hastings 1822 an tankou youn nan pwopriyete misye Fragg t ap lwe pou vakans yo (dezyèm pwopriyete a te bò kote kay Exmouth lan). Yo te konstwi tou de kay yo nan yon konjekti. Yo te fin konstwi Plas Exmouth nan nan lane 1821, anpil lane apre yo te fin konstwi kay Exmouth nan nan lane 1817. Kidonk, Mari Lwiz te ka youn nan premye envite nan kay ki te fèt konstwi a nan yon spa chik ak emèjan.
Yon lèt ke Catherine Clarkson voye bay Athénaïre nan jounen 26 oktòb 1822 bay nou yon resi detaye sou ti vakans tou kout sa. Pandan ti vakans tou kout sa yo, ‘manmzél Thornton’, pitit fi defansè abolisyon an, Henry Thornton, ki vin ann apre pipil Misye Robert Inglis, te vizite yo. Inglis sonje yon vwayaj sòti Hastings rive Lond ak youn nan pitit fi Kristòf yo nan jounal entim vwayaj 1840 li, apre li te rankontre Mari Lwiz nan Pisa. Lèt la temwaye ke medam yo te jwenn klima bò lanmè Hastings lan pi leje ak konsilyan pase sa Blackheath lan, sak fè li te ede redwi efè rimatism Mari Lwiz yo.